Haitian(i)
2 Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
3 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
4 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
5 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
6 Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
7 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
8 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.