Psalms 49:2-9

Haitian(i) 2 Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè, 3 gran kou piti, rich kou pòv. 4 Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans. 5 M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik. 6 Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo? 7 Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, 8 pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. 9 Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.