1 Chronicles 15:12-16

Haitian(i) 12 Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a. 13 Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la. 14 Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 15 Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a. 16 David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.