1 Chronicles 16:41-43

Haitian(i) 41 Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou. 42 Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo. 43 Apre sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l' beni fanmi pa l' tou.