Haitian(i)
3 Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.
4 Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.
5 Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul.
6 Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.
7 Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.
8 Etan te papa Azarya.