1 Corinthians 12:14-26

Haitian(i) 14 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. 15 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 16 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 17 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant? 18 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle. 19 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. 20 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. 21 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. 22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. 23 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. 24 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. 25 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. 26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.