Haitian(i)
29 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo.
30 Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò.
31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.
32 Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,
33 li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou.
34 Bondye te fè konnen li t'ap fè l' soti vivan nan lanmò pou l' pa t' janm tounen pouriti ankò. Se sa l' te fè konnen, lè l' te di: M'a ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo.
35 Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
36 Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.
37 Men, moun Bondye te leve soti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè.
38 -(we vèsè pwochen)
39 Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.
40 Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
41 Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.