Haitian(i)
7 Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.
8 Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,
9 depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.
10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.
12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.