Haitian(i)
1 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.
2 (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.)
3 De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.
4 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza.