John 11:55-57

Haitian(i) 55 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye. 56 Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la? 57 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li.