Luke 24:36-40

Haitian(i) 36 Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout. 37 Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan. 38 Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou? 39 Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an. 40 Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo.