Mark 14:18-20

Haitian(i) 18 Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. 19 Lè sa a, kè disip yo kase; yonn apre lòt yo pran mande li: -Eske se mwen menm? 20 Li reponn yo: -Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m' nan plat la.