Psalms 81:1-4

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. 2 Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 3 Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo. 4 Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!