Galatians 3:17-24

Haitian(i) 17 Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant (430) an apre sa. Se sak fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe. 18 Paske, si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa. 19 Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l' te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l' te la toutotan pitit pitit Abraram lan pa t' ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè. 20 Lè yon moun pou kont li, li pa bezwen entèmedyè. Bondye pou kont li. 21 Eske lalwa Moyiz la kont pwomès Bondye yo? Men non. Si zanj yo te bay yon lalwa ki te kapab bay moun lavi, enben, lalwa sa a ta kapab fè Bondye fè moun gras. 22 Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri. 23 Anvan lè a te rive pou n' te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l', jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a. 24 Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.