Job 21:23-26

Haitian(i) 23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje. 24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl. 25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè. 26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.