Psalms 124:1-5

Haitian(i) 1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa. 2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an, 3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an. 4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou. 5 Wi, lavalas ta pote nou ale.